Jonathan Leung LADWP Water Quality Director
Jonathan Leung, 
Director of Water Quality

Yon mesaj ki soti nan men Jonathan Leung, Direktè Kalite Dlo a

Se yon onè pou mwen pou m adrese w antanke Direktè Kalite Dlo LADWP a. Se yon gwo responsablite men tou yon gwo privilèj pou kontinye yon long eritaj devouman, vijilans ak inovasyon pandan n ap travay pou kontinye ba ou menm ak fanmi ou dlo potab pwòp, fyab ak kalite siperyè.

An 2022, nou te fè yon pwogram tès konplè nan tout sistèm dlo Vil la ak sous dlo nou yo lè nou te kolekte plis pase 26,000 echantiyon epi nou te fè plis pase 107,000 tès. Nou te kontinye opere tès sou teren, echantiyonnay, ak analiz laboratwa chak jou pandan tout deklarasyon ijans COVID-19 la. Nou fyè pou nou di ke efò sa yo te asire dlo kalite siperyè pou tout rezidan Los Angeles pandan twa zan pandemi an.

Anplis nou te akonpli misyon prensipal nou an, nou te chèche sèvi kliyan nou yo nan fason nouvo ak inovatè. Nan mwa janvye 2022, nou te mete an sèvis Los Angeles Reservoir Ultraviolet Disinfection Plant (LARUVDP), yon enstalasyon tretman dlo dènye kri ki koute 123.8 milyon dola. Aktivasyon LARUVDP a konplete tou yon vwayaj 20 ane pou mete enfrastrikti nou an konfòm nèt ak règleman Ajans Pwoteksyon Anviwònman Etazini (US EPA) pou pwoteje dlo potab nan rezèvwa yo. Nou te itilize tou monitè kalite dlo sou entènèt pou zòn Sant Konvansyon LA a pandan semèn evènman Super Bowl 2022 a ak Somè entènasyonal Amerik yo. Nou te sipòte tou reyalizasyon objektif Vil Los Angeles pou renove oswa enstale plis pase 200 estasyon idratasyon nan tout vil la anvan 2022. Pwogram estasyon idratasyon an senbolize angajman nou pou nou pote dlo tiyo pwòp e rafrechisan bay tout kliyan nou yo atravè vil la – lakay yo, nan travay ak nan pak nan katye nou yo chak jou.

W ap jwenn sa ak anpil lòt bagay ankò nan rapò sa a, ki rezime rezilta tès kalite dlo yo te fè an 2022 epi ki bay enfòmasyon espesifik sou kalite dlo ki sèvi nan divès kominote nou yo. Enfòmasyon ki ladan l lan valide tretman, tès ak siveyans rijid ki fèt sou dlo potab nan Los Angeles la; li satisfè tout estanda prensipal eta ak federal pou dlo potab.

Four Member family sitting on grass; from left to right, Mother, son, son and father smiling at each other sitting in half circle, with LADWP reusable water bottle to the father's feet

Ou gen nenpòt kesyon?

Si ou gen nenpòt kesyon sou kalite dlo ou a oswa ou ta renmen konsèy sou kijan pou amelyore kalite dlo lakay ou oswa nan travay ou, tanpri pa ezite rele Liy Dirèk Sèvis Kliyan Kalite Dlo nou an.