Kanpis Inovasyon La Kretz
Kanpis Inovasyon La Kretz la, ki sitiye nan Distri Atizay Sant Vil LA a epi ki posede pa LADWP, se lakay Laboratwa Angajman Kliyan ak Lavi Dirab LADWP yo ansanm ak Enkibatè Teknoloji Pwòp Los Angeles la. Se yon kote antreprenè, enjenyè, syantis, manm kominote a, ak moun ki fè politik yo ka kolabore, ankouraje, epi sipòte devlopman teknoloji pwòp ak ekonomi vèt vil la.
Solisyon Efikasite nan LKIC
Ekip Jeni Solisyon Efikasite LADWP nan La Kretz la ap dirije yon kantite pwogram efikasite enèji epi li jere plizyè laboratwa ak pwojè dènye kri.
Vizit Kanpis yo
Vini jwenn nou pou yon prezantasyon ak yon vizit apye nan LKIC la, yon espas kote syans, antreprenarya, anviwonmantism ak elaborasyon politik rankontre!
Sant Prototipaj Avanse (APC)
Enkibatè Teknoloji Pwòp Los Angeles (LACI) a jere Kanpis Inovasyon La Kretz ki te genyen prim lan, ki gen 30,000 pye kare biwo, biwo aktif, espas pou evènman, ak Sant Pwototipaj Avanse (APC) la.
Konsènan Kanpis la
Kanpis Inovasyon La Kretz LADWP a dedye a pwomosyon ak prezantasyon dènye teknoloji ak inisyativ avanse ki ankouraje dirabilite ak konsyantizasyon anviwònman an.