Sèvis Dlo Tanporè
Yo ka bay sèvis dlo ak kontè tanporèman nan yon idran pou dife ki toupre pwojè w la. Pwojè konstriksyon ak lòt aktivite ki bezwen sèvis dlo pou yon peryòd tan limite ka benefisye de sèvis sa a.
Enfòmasyon sou Presyon Dlo ki Wo ak Ba
Ou ka jwenn presyon dlo maksimòm ak minimòm pou nenpòt kote LADWP a sèvi lè w rele Seksyon Sèvis Distribisyon Dlo a.
Pou plis enfòmasyon sou sèvis dlo yo
Règ ki Gouvène Sèvis Dlo ak Elektrisite
Pou kesyon konsènan egzijans ak aparèy pou anpeche refoule, tanpri rele ekip Pwogram Kontwòl Koneksyon Kwa LADWP a nan (213) 367-3471.
Aprann plis bagay sou egzijans pou anpeche refoule
Frè yo
Frè ki aplikab pou sèvis ou yo ap depann de egzijans sèvis espesifik pou sit ou a. Anplis peman pou sèvis yo ak kontè yo, ou ka peye tou pou: 1) tiyo dlo prensipal nouvo oswa ki deja egziste (Water Main Charge-WMC), 2) enstalasyon depo, ponp ak distribisyon ekstraòdinè (Acreage Supply Charge-ASC), ak 3) nenpòt nouvo ekstansyon ak/oswa ranplasman tiyo prensipal ki nesesè pou bay bon rezèv dlo pou sèvis ou yo.
Lis Frè pou Enstalasyon Dlo yo