Ann pale sou fason pou ekonomize!
Chalè ekstrèm ete sa a te pouse konsomasyon enèji nan kay pou kèk kliyan nan yon nivo nou pa t wè depi plizyè ane, epi LADWP la pou ede. Nou ofri resous pou ede w jere bòdwo yo, ede w konprann tarif ou yo epi enskri pou aranjman peman.
Sekirite Elektrik pou Jou Ferye yo
Kenbe jou ferye ou yo an sekirite epi klere. Revize dekorasyon elektrik lakay ou. Ranplase nenpòt girland limyè ki gen priz domaje, fil ki chire, oswa koneksyon ki lach. Epitou, evite twò chaje priz yo lè w branche twòp bagay alafwa pou evite danje.
Aksè a Rabè Pwogram EZ-SAVE yo
Èske w te konnen pwogram EZ SAVE ede kliyan ki kalifye selon revni yo diminye bòdwo elektrisite yo? Epi gen plis toujou – yon fwa yo enskri, kliyan yo vin kalifye pou aplike pou rabè ak pwogram adisyonèl pou ede yo ekonomize plis toujou.
Ale san papye jodi a
Ou toujou poko enskri nan sèvis Faktirasyon san Papye a? W'ap kite yon kredi $10 dèyè!
Sipò Kliyan Samdi
Ou ka rate fason pou diminye bòdwo sèvis piblik ou yo. Aprann plis bagay lè w patisipe nan evènman Sèvis Kliyantèl samdi 21 novanm nan soti 9è dimaten pou rive 2è aprèmidi oubyen 19 desanm nan Sant Sèvis Kliyantèl Crenshaw, North Hills, ak Watts nou yo.