Gwo konpayi yo resevwa anpil atansyon, men ti biznis yo, ansanm, gen yon gwo enpak sou ekonomi amerikèn nan ak kominote toupatou.
Èske ou te konnen?
• Ti biznis yo se konpayi ki gen mwens pase 500 anplwaye.
• Gen plis pase 30 milyon ti biznis Ozetazini
• Plis pase 99% nan tout konpayi ameriken yo se ti biznis.
• Ti biznis yo anplwaye prèske 50% nan mendèv ameriken an.
Ti Biznis yo Sipòte Kominote Lokal yo
Nan plizyè fason, ti biznis yo jwe yon wòl enpòtan nan kominote lokal yo.
• Kreyasyon djòb. Konpayi lokal yo ankouraje kwasans ekonomik lè yo bay opòtinite travay pou rezidan yo.
• Lajan taks. Ti biznis yo peye taks, ki ede sipòte lekòl lokal yo, ranmase fatra, reparasyon lari ak lòt sèvis enpòtan nan kominote a.
• Dolar parennaj. Konpayi ki zanmitay nan katye a ede patwone espò pou jèn yo, òganizasyon charitab ak lòt aktivite kominotè yo.
Montre sipò ou pou ti biznis yo
Ti biznis yo fè anpil pou kominote w la. Ou ka ede sipòte yo lè w achte nan ti magazen lokal yo.
• Ap chèche yon kado pou yon moun espesyal? Mande détayan espesyalize lokal ou a.
• Ou bezwen kèk manje oswa yon repa pou pote ale? Magazen fanmi ki toupre w la gen sa w bezwen.
• Ti biznis lokal yo se sous ou fè konfyans tou pou reparasyon oto, renovasyon kay ak lòt sèvis itil.
Avèk èd ou, pwopriyetè ti biznis yo ak anplwaye yo ki travay di yo ka kontinye pwospere, epi fè kominote w la yon pi bon kote.
Novanm 2023 Bay Ti Biznis yo Pouvwa
Bilten chak mwa LADWP a ki rele Empowering Small Business (Pwomosyon Ti Biznis) ede enfòme kliyan ti biznis espesifik nan endistri a sou nouvèl LADWP, pwogram konsèvasyon ak fason pou ekonomize sou bòdwo yo.
Bilten konplè