Newsletter Article

Ou gen yon tèmostat entelijan? Touche jiska $145 nan ankourajman

Pandan sezon ete a ap chofe, ti biznis ou a ka touche jiska $145 nan ankourajman finansye atravè pwogramPower Savers nou an lè li diminye konsomasyon enèji nan jou ki gen gwo demann enèji. Pwogram nan ofri ankourajman pou ti kliyan komèsyal ki gen tèmosta entelijan paske yo pèmèt nou fè ajisteman limite sou tèmosta yo pandan peryòd pik demann yo.

Nan ete a, ogmantasyon tanperati yo souvan vle di plis estrès sou rezo elektrik nou an pandan plis kliyan limen èkondisyone yo pou yo rete fre. Pwogram jesyon enèji tankou Power Savers se yon fason nou ka ankouraje kliyan yo pou diminye konsomasyon enèji yo pandan demann lan ap monte anlè anpil. Ofiramezi konsomasyon enèji a diminye, presyon sou rezo elektrik nou an diminye tou, sa ki ede nou asire nou gen ase rezèv enèji pou satisfè tout demann Los Angeles la.

Kijan pwogram nan fonksyone?

Nan jou ki pi cho yo, oubyen nan lòt moman nou prevwa yon gwo demann nan rezo a, nou lanse evènman repons a demann. Pandan evènman sa yo, nou ajiste tanperati tèmosta entelijan patisipan pwogram Power Savers a adistans pou diminye kantite enèji sistèm HVAC yo itilize.

Kliyan yo dwe enskri tèmosta entelijan yo pou yo ka patisipe nan pwogram nan. Sa ban nou pèmisyon ak aksè pou ogmante reglaj tèmosta yo jiska 4 degre pandan yon evènman. Nan lè anvan yon evènman, pwogram nan ka bese tanperati tèmosta patisipan yo pou prerefwadisman. Sa deplase chaj enèji sa a anvan peryòd antisipe kote gwo demann lan ap fèt la, tout pandan y ap ede kliyan an rete alèz pandan evènman an. Patisipan yo ka chwazi pou yo pa patisipe nan yon evènman oswa yon peryòd pre-refwadisman nenpòt ki lè sou aparèy mobil yo, navigatè entènèt yo, oswa tèmosta yo.

Kliyan yo ka enskri tèmosta yo nan pwogram nan sou sit entènèt nou an nenpòt ki lè, men n ap sèlman rele pou evènman yo pandan sezon pwogram nan, soti 1ye jen pou rive 31 oktòb. Jiska 20 evènman repons a demann ka fèt pandan tan sa a; an mwayèn, yo anonse anviwon 9 evènman. Tout fèt ant 1è pm ak 10è pm (eksepte jou ferye) epi yo pa dire plis pase 4 èdtan.

Ki benefis ki genyen nan patisipasyon?

Ansanm ak limite itilizasyon enèji, ankouraje rezèv enèji, epi kontribye nan fyab rezo nou an, biznis yo kapab tou touche jiska $145 nan ankourajman finansye nan premye ane patisipasyon yo. Kliyan yo resevwa yon kat prépayé $55 ki valab yon sèl fwa tou senpleman lè yo enskri tèmosta yo a. Pandan kliyan yo ap patisipe nan evènman yo, yo vin kalifye pou ankourajman finansye anyèl adisyonèl, ki distribye tou atravè yon kat prépayé nan fen chak sezon pwogram nan:

  • Patisipasyon nan plis pase 75% nan evènman yo fè w touche yon ankourajman patisipasyon anyèl $90.
  • Patisipasyon nan 25%-74% nan evènman yo fè w touche yon ankourajman patisipasyon anyèl $40.
  • Patisipasyon nan mwens pase 24% nan evènman yo pa kalifye pou yon ankourajman patisipasyon anyèl (Nòt: Pousantaj yo detèmine pa total minit patisipasyon konpare ak total minit evènman yo.)
Plis Enfòmasyon

Pwogram Power Savers a ouvè pou kliyan rezidansyèl ak ti komèsyal ki gen tèmosta entelijan oswa ki konekte sou entènèt. Pou wè lis tèmosta ki kalifye yo, jwenn plis enfòmasyon, oswa enskri, tanpri vizite ladwp.com/PowerSaversProgram.

Jen 2025 Bay Ti Biznis yo Pouvwa

Bilten chak mwa LADWP a ki rele Empowering Small Business (Pwomosyon Ti Biznis) ede enfòme kliyan ti biznis espesifik nan endistri a sou nouvèl LADWP, pwogram konsèvasyon ak fason pou ekonomize sou bòdwo yo.

Bilten konplè